Lè nou konsidere tout jèfò ki ap fèt pou bay lang kreyòl la jarèt nan domèn ekri a, nou kapab di Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan se yon liv ki merite anpil atansyon non sèlman pou kontni liv la, men tou pou kalite lang otè a itilize a. Chapo ba se istwa esperyans lavi majorite peyizan ayisyen yo pran abitid rele moun andeyò yo. Se istwa lesepoukont yo. Se istwa yon enjistis enstitisyonèl, yo te mete sou pye depi nan peryòd lakoloni, ki ap kontinye jouk jounen jodi a. Pwoblèm fondamantal sa yo ki bloke devlopman sosyete ayisyèn nan, François Nau lonje dwèt sou yo kòmsadwa. Sa ki enteresan ankò nan liv la, se kokennchenn travay otè a fè nan ekriti lang kreyòl la. Li pa fasil pou jwenn yon liv kreyòl kote otè a fè yon efò konsyan pou respekte òtograf, gramè ak estrikti lang nan menm jan li ta fè si li te ap ekri an franse oswa ann angle. Yon lòt bagay ki atire atansyon nou, se absans total itilizasyon fòm kout mo kreyòl yo nan liv sila a. Ta sanble se premye liv kreyòl ki ap soti sou fòm sa a. Se lè va genyen yon etid sistematik ki fèt sou aspè sa a nan koze sistèm òtografik kreyòl la, nou a kapab evalye enpòtans inovasyon sa a ki fèt nan liv la. Nou kwè nan moman an kote genyen yon karans materyèl pou anseye epi aprann kreyòl, tout liv ki byen ekri tankou Chapo ba se yon zouti pedagojik potansyèl li ye. Kit se aprann ou ap aprann kreyòl, kit se pou plezi fè lekti yon istwa enteresan, nou ap ankouraje tout moun li Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan. Frenand Léger
show more...Just click on START button on Telegram Bot